Erişilebilirlik

TAYYIP


Responsab Polis Nasyonal yo anonse yo fè 2 arestasyon nan kad yon operasyon yo mennen sòti jedi swa pou rive vandredi maten. Responsab yo presize yo mete men sou 2 komèsan ki sanble ta enplike nan zak vyolans “Operasyon Bagdad la”, kote militan lavalas yo ap mande retou fizik ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide sou pouvwa a depi 30 septanm.

Korespondan nou Rochild François Junior ba detay depi Pòtoprens. Ann Ayiti toujou, yon responsab gouvènman lokal nan Depatman Artibonit la lanse apèl pou gouvènman an pa negosye ak branch vyolan pati fanmi Lavalas la. Korespondan nou Duc Jonathan Joseph gen detay depi vil Gonayiv. Nan kad yon fowòm 2 jou legliz kretyèn yo nan sid Ayiti òganize e ki kloture jedi nan vil Okay, responsab legliz katolik, legliz pwotestan ak legliz anglikann pran desizyon pou konbat maladi SIDA a, selon yon korespondans Jean Ernst Eliscar depil vil Okay.

Klike sou lyen anlè a pou repòtaj korespondan nou yo sou nouvèl ki fè aktyalite a ann Ayiti pou vandredi 26 novanm 2004 la.

XS
SM
MD
LG